#Thread Bòn Ane 2023.

"Bon Rapò Atis, Jounalis, pèsonalite Piblik ak Chèf Gang"
On Analiz sou Konpòtman sa a, Sou Pase, Prezan ak Fiti Peyi a;
Li se on Reyalite pou tout moun ke Zòn Metwopolitèn lan, tounen on zòn de Non Dwa, E ke Majorite Zòn gen on Asosyasyon Kriminèl ki ap fè pwòp lwa e ki dirije pa on chèf Gang. E sak rann sa pi dwòl se ke li vin tounen on bagay Nòmal ke sosyeye a ap viv Natirèlman.
Sa Rann anpil Pèsonalite Piblik, afiche on bon rapò ak on seri de chèf gang; Atis al jwe pou yo, Blogè envite yo nan Espas yo etc...

Tout sa pa on Santiman d'empwisans, Kote ke Yo Jije ke Yo plis an Sekirite nan Rapò yo ak Chèf Gang sa yo, ke si yo ta anfas yo.
Men Konpòtman moun sa yo ankò pwouve on "Pèvèsyon Reyalite" nan sosyete a; epi feblès Sitwayènte nan peyi, ki se vre vini de Otorite Leta yo ki pa janm bay Egzanp, men tou pa on lese ale de tout sosyete a;

Pou n Konprann feblès sa yo na prale nan Jenèz Emèjans Gang Armé yo.
1) PASE:
Li pat on sekrè pou pèsòn ke Pouvwa #PHTK tankou anpil pouvwa avan l te kwè pou etabli kontinuite yo, yo bezwen on Milis (Ki vle di on seri moun ak zam ki pa ni Militè, Ni Polis men k ap sèvi on pouvwa)

Nan Lojik sa a, Distribisyon zam nan Katye vin Kouran
E chak jou nou te konn ap tande skandal zam ak monte anfòs kèk chèf gang e lyen yo ak ofisyèl leta;

Li pat sekrè non plis pou pèsòn ke fenomèn sa a te ap echape anba kontwòl leta; sitou lè emèjans Gang sa yo, te koumanse bloke kèk zòn Kote PNH la pèdi Kontwòl.
Monte an fòs Kidnapping, ak Chèf Gang k ap defye leta, Masak nan kèk Katye, Operasyon rate nan Vilaj, tout sa yo te montre a klè, ke Chèf gang sa yo ap pran fòs chak Jou e ke otorite leta yo pa deside oubyen gentan twò tranpe nan sa a, pou mete on fren.
Pandan se te on REYALITE ke tout moun te wè k ap vini, Majorite Atis, Pèsonalite Piblik etc.. te volontèman chwazi Inyore fenomèn nan.

- Gen kèk ki te fèl paske yo te ap sipòte san skripil Gouvènman sa ki te lye ak Gang yo.
Men
- gen Lòt ki te fè l, jis paske sa pat regade yo, e ke yo pa santi yo gen okenn pozisyon pou pran sou kriz nan peyi a an jeneral depi l pa afekte aktivite yo.
Te gen nesesite e posibilite pou "VEDÈT SA YO" te Kanpe emèjans Koze chèf gang sa yo, nan patisipe aktivman e seryezman nan on lit pou Kwape fenomèn sa depi nan sous li; nan itilize enflyans yo ak Ora yo pou sansibilize pèp e fòse Otorite leta yo kanpe sou chimen sa a.
Men Janm te di l la, pa enterè ou pa neglijans yo banalize on fenomèn ki rann pwòp yo menm prizonye.

Yo rate okazyon pou itilize enflyans yo pou sèvi sosyete a, e kounye a Y ap mande l klemans li, nan on tantativ pèvè, kise kreye bon rapò ak moun k ap fè mal pou yo ka evolye.
2) PREZAN
Sa ki mennen nou nan sa n ap viv la, Chèf Gang pratikman gen kle tout platform, yo nan Live, Nan Radio, Yo Egzije Atis pèfòme pou yo, e sibtilman yo ankre yo nan sosyete tankou on Kouch Sosyal.
Si se vre nan Entwodiksyon m nan, m te eseye eksplike nan sitiyasyon difisil Pèsonalite Piblik sa yo, pa rapò ak enkapiste pou jwen sekirite e ki fè yo enpwisan devan demand Gang yo
Si se vre li parèt ensansib pou w ta oze mande on moun riske lavi l, nan kanpe tèt ak tèt ak Bandit nan on peyi kote Bandi yo menm Parèt pi fò pase Leta,

Men LI PAP JANM JISTIFYE Rapò sa a;
Donk Fas a Kritik sosyete a kont moun sa yo, se vre yo gendwa Eksplike Konpòtman yo, ki ka parèt ase lojik, men li pap Janm JISTIFYE, Sitou lè yo pat itilize fòs yo pou anpeche peyi a rive la.
Yo paka Jistifye ke y ap chache sove lavi yo, pandan ke fason y ap fè sa a se nan bay bèl dan ak moun k ap detwi lavi lòt moun.
3) AVNI

Men nan tout sa a, sa k plis entèpele m, se ke malgre tout sa yo, m pa tande nan diskou yo, okenn volonte, ni demand pou sòti anba dominasyon chèf gang sa yo?

Se kòmsi malgre kritik epi deba konpòtman sa yo pwovoke, Yo plis konsidere Kondisyon sa kòm yon nouvo Normal
E dèfwa tantativ eksplikasyon moun sa yo fas ak kritik yo, plis sanble on demand d'akseptasyon, pou pèp la konprann ke se konsa bagay la ye, donk aksepte yo konsa paske se konsa bagay la dwe ye.
Si Pèsonalite Piblik yo te rate okazyon nan le pase, pou yo te kanpe kot pèp la,
pou evite peyi a tonbe nan eta kote yo pa memm mèt desizyon yo nan le prezan,
Yo ta dwe seryezman panse ak wòl yo a lavni nan batay kont Ensekirite e on chanjman serye
Gen yon DEVWA MORAL ak Tout moun ki deside vin on pèsonalite Piblik ki ap viv de enflyans yo sou lòt moun, pou batay pou lavi moun;

Yon atis, Yon animatè, Yon Jounalis, Blogè, Enflyansè etc.. viv de Odyans li, de moun k ap konsome l
Donk chak fwa on moun mouri, ou viktim de ensekirite,
se petèt on fanatik, on Oditè, on fan yo ki vimtim
Donk se on MINIMÒM pou yo sansib ak Koze ensekirite e ak pwoblèm peyi a an jeneral e patisipe nan lit yo.

M swete 2023 pap menmjan
Bòn ane 2023
-FIN

• • •

Missing some Tweet in this thread? You can try to force a refresh
 

Keep Current with Samuel Simonis

Samuel Simonis Profile picture

Stay in touch and get notified when new unrolls are available from this author!

Read all threads

This Thread may be Removed Anytime!

PDF

Twitter may remove this content at anytime! Save it as PDF for later use!

Try unrolling a thread yourself!

how to unroll video
  1. Follow @ThreadReaderApp to mention us!

  2. From a Twitter thread mention us with a keyword "unroll"
@threadreaderapp unroll

Practice here first or read more on our help page!

Did Thread Reader help you today?

Support us! We are indie developers!


This site is made by just two indie developers on a laptop doing marketing, support and development! Read more about the story.

Become a Premium Member ($3/month or $30/year) and get exclusive features!

Become Premium

Don't want to be a Premium member but still want to support us?

Make a small donation by buying us coffee ($5) or help with server cost ($10)

Donate via Paypal

Or Donate anonymously using crypto!

Ethereum

0xfe58350B80634f60Fa6Dc149a72b4DFbc17D341E copy

Bitcoin

3ATGMxNzCUFzxpMCHL5sWSt4DVtS8UqXpi copy

Thank you for your support!

Follow Us on Twitter!

:(