La loi de ma bouche Profile picture
Par une Haïtienne du pays (et ses traducteurs/rices)
May 31, 2019 92 tweets 47 min read
M poze sa la. Al download li. drive.google.com/file/d/1woCHbh… M ap tounen. Pou kòmanse, 3 bagay pou nou sonje:

- rapò a gen 612 paj, kidonk, nou pral gen anpil bagay pou n wè ansanm
- se 77% nan pwojè #KotKòbPetroCaribeA a ki odite, kidonk gen yon 23% degi
- Rapò sou gouvènans pwojè a, aka arè debè, koze dechaj, se pou apre

Nou pare? Ann ale!
Aug 22, 2018 74 tweets 39 min read
#PetrocaribeChallenge #Haiti

An desanm 2014, ansyen PM Lamothe prezante n yon bèl dokiman sou transfòmasyon Ayiti.

Travay grafik la bèl, li swa, li byen prezante men reyalite a pa t gen chans sa.

Lajan #PetroCaribe a depanse men nou toujou rete trè lwen #AyitiNouVleA. Rapò a kouvri 31 mwa, sòti 2011 rove 2014. Li pale de yon Ayiti ki refèt, ki transfòme. Ann gade ansanm a ki pwen epi ki kote transfòmasyon sa ye.