#PetrocaribeChallenge #Haiti

An desanm 2014, ansyen PM Lamothe prezante n yon bèl dokiman sou transfòmasyon Ayiti.

Travay grafik la bèl, li swa, li byen prezante men reyalite a pa t gen chans sa.

Lajan #PetroCaribe a depanse men nou toujou rete trè lwen #AyitiNouVleA.
Rapò a kouvri 31 mwa, sòti 2011 rove 2014. Li pale de yon Ayiti ki refèt, ki transfòme. Ann gade ansanm a ki pwen epi ki kote transfòmasyon sa ye.
Men anvan sa, ann pran yon titan sou pwosesis dekesman lajan #Petrocaribe a.

Pwojè soti nan BMPAD al nan Konsèy Minis ki pibliye pwojè ki apwouve yo nan Monitè. Apre sa se pasasyon mache oubyen greyagre (lè gen ijans). Ansuit CNMP, CSC/CA apwouve, MPCE epi MEF mande BMPAD dekese
Sou PM Lamothe, 7 rezolisyon pran, pou yon total $1 205 962 328,20 ki kouvri 234 pwojè. Nan tweet ki pral suiv yo m pral pibliye kèk pwojè, zòn kote yo fèt ak lajan ki depanse pou yo. Si pwojè a nan zòn bò lakay ou, oubyen w konnen l byen, evalye l pou nou, si w gen foto, lage l.
#PetrocaribeChallenge Plan espesyal Pòdpè. Bidjè : 5 000 000 $ US. To egzekisyon : 52 %.

Dapre rapò Lamothe la, pwojè sa yo fin reyalize nan Pòdpè :

Plas piblik Nòtredam
Teren foutbòl Pak Capois La Mort
Memoryal Pak Capois La Mort
100 lanpadè

Èske nou valide ?
#PetroCaribeChallenge plab espesyal Latòti. Bidjè: 2 200 000 $ US. To egzekisyon : 59 %

Dapre rapò Lamothe la, 16 pwojè reyalize, pami yo : 10 moto pou lapolis, 100 filt dlo ki distribiye, 10 mil panye solidarite ki bay, aksè a diri 10/10 (wi, chak s on pwojè)

Èske n valide?
#PetrocaribeChallenge Plan espesyal Gonayiv. Bidjè : 5 000 000 $ US
. To egzekisyon : 68 %

Dapre rapò Lamothe la, pwojè sa yo reyalize nan Gonayiv.
Amenajman ak rebwazman
Reyabilitasyon lakou
Reparasyon 500 kay
Konstriksyon pon
Reparasyon sit touristik...

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Plan espesyal Site Solèy. Bidjè : 5 000 000 $ US.
To egzekisyon: 66 %

Dapre rapò Lamothe la, pwojè sa yo reyalize nan Site Solèy.

Acha 2 pikòp ak 10 moto pou lapolis
Enstalasyon 200 lanpadè
11 restoran kominotè
Konstriksyon kloti simityè

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Plan espesyal Jeremi. Bidjè :5 000 000 $ US.
To egzekisyon: 10 %

Dapre rapò Lamothe la, pwojè sa yo reyalize :

Enstalasyon 140 lanpadè
Reyabilitasyon 59 ti kay.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Plan espesyal Bèlè /Delma 2. Bidjè : 3 000 000 $ US. To egzekisyon : travay la kòmanse (!).

Rapò Lamothe la pa presize sa ki fèt sof pou l di Reyabilitasyon plas piblik la kòmanse.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Ranmase #PoFlèLeta nan Pòtoprens. Bidjè : 10 milyon dola.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Pwoteksyon kont inondasyon nan vil kòt Sid yo. Bidjè : 3 500 000 dola. To egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Drenaj Rivyè Wouyòn nan Leyogàn. Bidjè : 8 milyon dola. To egzekisyon : 100%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Sistèm irigasyon nan Laplèn. Bidjè : 8 milyon. Egzekisyon : 100%

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Amenajman basen vèsan nan depatman Lwès (rapò a pa presize egzakteman ki kote). Bidjè : 4 milyon dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Rekalibraj ak drenaj Chenal Sale nan Latibonit. Bidjè : 9 milyon dola. Egzekisyon : 100 %.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Pwoteksyon Wanament kont inondasyon. Bidjè : 3 milyon dola. Egzekisyon 80%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Etid sistèm irigasyon nan Latànri. Bidjè : 1 milyon. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Distribisyon semans ak angrè bay peyizan. Bidjè : 1 77 777 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Apui pou mekanizasyon agrikòl (nou pa konn kijan, ki kote). Bidjè : 5 000 000 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon silo pou estokaj manje nan Lafito. Bidjè : 4 milyon dola.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Sant istorik Jakmèl. Bidjè: 10 milyon. Egzekisyon : 100%

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon Sant Kongrè Jakmèl. Bidjè : 2 500 000 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Devlopman entegral Ilavach. Bidjè : 8 milyon. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Amenajman vilaj atistik Nway. Bidjè : 4 570 000 dola. Egzekisyon : 80%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Restorasyon Palè Sansousi (pou kanaval la?). Bidjè : 1 milyon dola.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon Enstiti Fòmasyon touristik ak otelyè Okay. Bidjè : 985 000 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Kafou Dèwiso. Bidjè :2 030 000 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Plas Sentàn nan Pòtoprens. Bidjè : 891 386 dola. Egzekisyon : 97%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Plas Jefra nan Pòtoprens. Bidjè : 449 611 dola. Egzekisyon : 80%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Plas Kanapevè. Bidjè : 671 875 dola. Egzekisyon : 75%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Plas Bwaye nan Petyonvil. Bidjè : 1 962 000 dola. Egzekisyon : 100 %

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge San ankenn lòt presizyon, enstalasyon plis pase 5000 lanpadè solè nan peyi a.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Jalouzi an Koulè. Bidjè : 2 milyon dola. Egzekisyon : 100%. Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Renovasyon Vale Jakmèl. Bidjè : 5 886 000 dola. Egzekisyon: 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Renovasyon Vil Ench. Bidjè : Faz1 : 13 264 000 dola. Egzekisyon: 100%.Bidjè : Faz 2: 6 979 305 dola. Egzekisyon : 5%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Renovasyon Vil Gonayiv. Bidjè : 17 308 638 dola. Egzekisyon: 91%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Renovasyon Vil Machan. Bidjè : 4 204 109 dola. Egzekisyon : 93%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Renovasyon Vil Senmak (Faz 2). Bidjè : 7 531 903 dola. Egzekisyon : 75%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Renovasyon Vil Senmak (Faz 1). Bidjè : 5 048 031 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Renovasyon Boulva Tousen Louvèti nan Ennri. Bidjè : 3 281 093 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Renovasyon Vil Sen Rafaël. Bidjè : 6 611 142 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Gran Rivyè di Nò. Bidjè : 1 milyon dola pou 2.8 km. Egzekisyon : 80%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Rekonstriksyon Ayewopò Okay. Bidjè : 26 436 985 dola. Egzekisyon : 10%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon yon pon sou Rivyè Gòch nan Lavale Jakmèl. Bidjè : 10 990 823 dola. Egzekisyon : 70%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon yon pon sou Rivyè Phelps. Bidjè : 9 754 157 dola. Egzekisyon : 52%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon wout Jakmèl /Lavale. Bidjè : 23 212 146 dola. Egzekisyon : 60%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Pò nan Okay. Bidjè : 2 597 238 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Ayewopò Guy Malari nan Pòtoprens. Bidjè : 6 559 099 dola. Egzekisyon : 80%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon Ayewopò entènasyonal Ilavach. Bidjè : 19 525 143 dola. Egzekisyon : 10%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge. Reyabilitasyon Pon pyetonye Ravin Sid nan Kanperen. Bidjè : 563 333 dola. Egzekisyon : 200%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Wout Ti Rivyè /Ti Twou nan Nip. Bidjè : 30 849 737 dola. Egzekisyon : 50 %.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon Waf Jeremi. Bidjè : 1 700 000 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon yon pon sou Rivyè Wozo. Bidjè : 8 871 582 dola. Egzekisyon : 60%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon yon pon sou Rivyè Voldwòg. Bidjè: 6 905 677 dola. Egzekisyon : 60%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon wout Okay/Jeremi. Bidjè : 87 245 062 dola. Egzekisyon : 50%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon 10 km wout nan lari Petyonvil. Bidjè : 12 742 698 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon 4,25 km wout Kanapevè. Bidjè : 3 500 000 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon wout Fèmat / Frè. Bidjè : 25 112 854 dola. Egzekisyon :80%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon yon echanjè sou wout ray nan Kafou. Bidjè : 13 635 730 dola. Egzekisyon : 12%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon yon vyadic nan Kafou Ayewopò. Bidjè : 16 558 378 dola. Egzekisyon : 72%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Wout Frè. 2 446 000 dola. Egzekisyon : 80%.

Èske n valide?
#PetrocaribeChallenge Reyabilitasyon Wout Kafou Laptinwa Kenskòf /Fisi. Bidjè : 4 396 246 dola. Egzekisyon : 40%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Wout Kafou Vensan/Wout Ameriken. Bidjè : 11 494 456 dola. Egzekisyon : 70%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon pwolonjman Site Solèy / Wout Ameriken. Bidjè : 3 580 716 dola. Egzekisyon : 40%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon 7 km wout nan Lafito. Bidjè : 10 391 175 dola. Egzekisyon : 83%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon wout Koladè- Sèka Kavajal. Bidjè: 20 894 909 dola. Egzekisyon : 65%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon Wout Nasyonal Senmak/Gonayiv. Bidjè : 7 257 010 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon twonson Fresino/Bigo. Bidjè : 9 930 803 dola. Egzekisyon : 47%.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon wout Ènri-Okap. Bidjè : 9 818 245 dola. Egzekisyon : 100%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon an ijans ri Okap. Bidjè : 9 052 530 dola. Egzekisyon : 90 %.

Èske n valide ?
#PetroCaribeChallenge Konstriksyon Pon sou Rivyè Odikap. Bidjè : 3 200 000 dola. Egzekisyon : 75%.

Èske n valide?
#PetroCaribeChallenge Reyabilitasyon twonson Lakil / Baryè Batan. Bidjè : 24 085 142 dola.

Èske n valide?
#Haiti #PetroCaribeChallenge Nou fin ak pati Devlòpman teritoryal ak ekonomik la. Demen n ap kontinye ak pati "Devlòpman sosyal" rapò Lamothe la. Nou pral pale de 25 estad yo ak lòt pwojè ankò pou n eseye konprann #KoteKòbPetroCaribeA.

• • •

Missing some Tweet in this thread? You can try to force a refresh
 

Keep Current with La loi de ma bouche #AyitiNouVleA

La loi de ma bouche #AyitiNouVleA Profile picture

Stay in touch and get notified when new unrolls are available from this author!

Read all threads

This Thread may be Removed Anytime!

PDF

Twitter may remove this content at anytime! Save it as PDF for later use!

Try unrolling a thread yourself!

how to unroll video
  1. Follow @ThreadReaderApp to mention us!

  2. From a Twitter thread mention us with a keyword "unroll"
@threadreaderapp unroll

Practice here first or read more on our help page!

More from @laloidemabouche

May 31, 2019
M poze sa la. Al download li. drive.google.com/file/d/1woCHbh… M ap tounen.
Pou kòmanse, 3 bagay pou nou sonje:

- rapò a gen 612 paj, kidonk, nou pral gen anpil bagay pou n wè ansanm
- se 77% nan pwojè #KotKòbPetroCaribeA a ki odite, kidonk gen yon 23% degi
- Rapò sou gouvènans pwojè a, aka arè debè, koze dechaj, se pou apre

Nou pare? Ann ale!
Anvan nou pati. Lekti an dirèk rapò anvan yo...

Rapò Beauplan :

Rapò 1 @ComptesCour :

Yo la pou ede tabli kontèks. Si n pa ajou oubyen n bezwen rafrechi memwa n, fè yon rive gade, pou n ka vanse ansanm.
Read 92 tweets

Did Thread Reader help you today?

Support us! We are indie developers!


This site is made by just two indie developers on a laptop doing marketing, support and development! Read more about the story.

Become a Premium Member ($3/month or $30/year) and get exclusive features!

Become Premium

Don't want to be a Premium member but still want to support us?

Make a small donation by buying us coffee ($5) or help with server cost ($10)

Donate via Paypal

Or Donate anonymously using crypto!

Ethereum

0xfe58350B80634f60Fa6Dc149a72b4DFbc17D341E copy

Bitcoin

3ATGMxNzCUFzxpMCHL5sWSt4DVtS8UqXpi copy

Thank you for your support!

Follow Us on Twitter!

:(