M poze sa la. Al download li. drive.google.com/file/d/1woCHbh… M ap tounen.
Pou kòmanse, 3 bagay pou nou sonje:

- rapò a gen 612 paj, kidonk, nou pral gen anpil bagay pou n wè ansanm
- se 77% nan pwojè #KotKòbPetroCaribeA a ki odite, kidonk gen yon 23% degi
- Rapò sou gouvènans pwojè a, aka arè debè, koze dechaj, se pou apre

Nou pare? Ann ale!
Anvan nou pati. Lekti an dirèk rapò anvan yo...

Rapò Beauplan :

Rapò 1 @ComptesCour :

Yo la pou ede tabli kontèks. Si n pa ajou oubyen n bezwen rafrechi memwa n, fè yon rive gade, pou n ka vanse ansanm.
N ap kòmanse ak rezilta odit la nan MTPTC, nan MPCE, nan UCLBP, nan FAES, nan MSPP. Nan tout kote sa yo, @ComptesCour jwenn lajan ki mal depanse, kontra ki bay sou baz ti zanmi, travay ki pa fèt ki peye, zonbi ki resevwa lajan... 2 konpayi marasa nan tout sans, #Agritrans + BETEX
Koze #Agritrans ak BETEX la enteresan - pa sèlman paske se konpayi bannann Prezidan @moisejovenel ki jodi a ap fe melon - li enteresan paske nou gen yon sitiyasyon kote menm kontra a pase de fwa ak menm moun, nan menm kondisyon, sof non konpayi a ki chanje. Men n ap tounen sou sa
Yon ti patipri, se koze lajan sèlman ki ap enterese m nan lekti sa, nan yon biyè petèt, m va reyaji sou koze bon pratik jesyon elt. Pou lenstan, sa m ap gade se #KotKòbPetroCaribeA. M ap sote tout sa ki pa gen rapò ak sa dirèk. Nou va eskize m pou sa.
Nan pwojè MTPTC yo, @ComptesCour idantifye pwojè kote gen antant ki fèt, moun pa, detounman fon, lajan ki debloke anvan kontra siyen, lajan ki itilize pou lòt koze, sipèvizè ki pa siveye anyen, kontra ki pa presize detay travay ki pou fèt la.
Koze lajan ki debloke san mache poko pase san kontra pa siyen an, mande chèz. Nou te wè sa deja nan kontra ki siyen ak #PrebleRish (chofè #Mèsenè yo) san konpayi a potko menm egziste. Anpil konpayi te kreye espesifik pou Petrocaribe, fòk ankèt fèt sou sa

laloidemabouche.ht/2019/03/02/pre…
Nan pwojè MTPTC ki endekse yo nou jwenn vyadik Dèlma a, kawach la, kote manifestasyon #PetroCaribeChallenge lan konn sòti yo. Pa gen yon kote l pa gen pwoblèm. Moun ki mete ansanm pou fè koken, vòlè, piye ak zanmi yo. Li se yon egzanp klè gaspiyay ki fèt ak lajan PetroCaribe a.
Nan Inite Konstriksyon Lojman ak Batiman Piblik (UCLBP), kontra yo kase bout bout pou yo pa blije suiv regleman sou mache piblik. Se bon moman pou n sonje, 25 me 2012, sou PM @LaurentLamothe, sèy pasasyon mache yo te miltipliye pa 8 nan optik sa: laloidemabouche.ht/2016/03/19/nou…
Pou FAES, nou te konnen bagay yo pa t ap bèl, kidonk nou pa sezi, men la nou gen detay.

20 850 benefisyè zonbi nan Ti Manman Cheri

60 757 benefisyè zonbi nan bon solidarite

Distribisyon lajan kach san dokimantasyon

Itilizasyon lajan Ede Pèp fè kanaval olye ede benefisyè yo.
Nan Ministè Sante Piblik, kontra dekoupe bout pa bout, bay an ti zanmi. Dekesman lajan fèt san jistifikasyon. Lajan itilize pou lòt koze. Se ete epòk minis Florence Duperval t ap siyen kontra ak mò pandan awousa (LL) t ap fè 9 milyon dola disparèt. Kidonk, sa pa etonan.
Nouvote rapò sa ki pa t nan rapò presedan yo, fon @Parlement_Haiti t ap jere yo. @deputeshaitiens ak @SenatHaitien pran lajan ki te dwe envesti pou fè depans fonskyònman, pou peye salè, pèdiyèm, konsiltan, elt. Pa menm detwa tab ak chèz pou Onorab yo kraze. Yo kraze lajan an pito
@ComptesCour fè yon pil rekòmandasyon. Pou enstitisyon yo ranfòse dispozitif kontwòl entèn yo, pou yo mennen ankèt, pou yo mare yo, mare yo. Gen yo pati tou sou etik elt, men sa ki pi enpòtan an se mare yo. Se enpinite ki pèmèt kase bra n konsa. #PwosèPetroCaribeA dwe repare.
NB: An plis pwojè ki te nan 14 rezolisyon yo, Koudèkont gade tou lòt pwojè envestisman ki gen rapò ak lajan PetroCaribe a men ki pa t otorize pa yon rezolisyon, men se pa tout dokiman yo nèt @ComptesCour resevwa, malgre li mande yo plizyè fwa. Kidonk, pa bliye g on 23% ki pa la.
Nou te deja eksplike kisa ki lajan PetroCaribe a, kijan l kalkile, ki wotè dèt la, kidonk nou jis remete l la pou n vanse.

Nou te pale sou koze kijan lajan an te depanse. N ap jis redepoze li la tou.

Nan rapò a g on tablo dekesman lajan an, administrasyon pa administrasyon. Lè nou ap li l, pa bliye, # 4 la fèt 2 jou anvan @MichelJMartelly prezidan, #5 lan fèt pandan y ap met @ConilleGarry deyò, kidonk depans #PHTK. @ComptesCour chwazi mete yo an gri pou separe yo de rès la.
Men yon lis tout enstitisyon ki te dwe pa fè travay yo pou lajan PetroCaribe a gaspiye nan eta sa.

Ministè yo
Ministè Planifikasyon
Ministè Finans
BMPAD
CNMP
@ComptesCour
@ULCCHaiti

#PwosèPetroCaribeA vital. Enstitisyon n yo an degraba. #AyitiNouVleA pa posib si yo pa ranfòse.
Paj 46: Nou rive nan rezilta odit la. Li gen ladann :

1- Responsab administrasyon santral yo

2 - Responsab administrasyon rejyonal, desantralize yo

3 - Responsab antrepriz ki te la pou egzekite oubyen sipèvize pwojè yo.

#PwosèPetroCaribeA konsène tou 3 gwoup yo.
Tankou lafwa dènyè n ap kòmanse ak MTPTC kòm pwojè konstriksyon se, tradisyonèlman, kote lajan toujou plis fè fon nan peyi isit. Pou moun ki renmen listwa, men yon ti anekdòt sou koripsyon nan konstriksyon katedral Pòtoprens:
Men lis pwojè MTPTC yo. An premye, kawach Dèlma a ki, apre 8 rezolisyon sou 5 lane, sòti nan 8 milyon dola pou fini nan $US 21,585,528.48, pou rezilta lapli k ap tonbe la ap montre nou klèman (yon moun voye yon foto pou mwen si posib. Mèsi.)
Pou vyadik la,

Estrella jwenn kontra san apèl dòf, an vyolasyon arete 25 me 2012 la,

Lajan bay yon mwa apre kontra fin siyen alòske li pran 5 mwa pou travay kòmanse

Dezyèm pati travay la fèt san sipèvizyon sa ki fè Leta pèdi plis kòb toujou.

Bidjè total gaspiyay la la.
Lis moun ki responsab yo:

Jacques ROUSSEAU
Alfred PIARD
Léopold LAMOUR
José A. ADAMES
Victor Collado
Fernando SILVERIO
Bernard CHANCY
Olivier PALMA
Philippe LAROUCHE
Brunel Joseph

NB : Sa pa vle di moun sa yo koupab. #PwosèPetroCaribeA ap detèmine sa. Ankèt dwe fèt.
Menm moun sa yo, sof de dènye yo, te responsab Vyadik Lamarin nan. Travay yo kanpe a 40% alòske lajan ki ye depanse a (5 462 495,87 USD) te gentan depanse lajan kinte bidjetize nan rezolisyon yo (5 332 009,33).
Pou reyabilitasyon wout PV, 12 741 705,50 USD dola depanse, ladann on 1 413 925,02 USD san dokimantasyon, plis 234 537,42 USD dola anplis k al jwenn fim sipèvizyon.

Reponsab pwojè sa se:

Jacques ROUSSEAU
Alfred PIARD,
Wisler DYROGENE
José A. ADAMES
César BONILLA
Nou konn 25 estad yo men èske n te konnen konstriksyon 15 pon yo?

Men lis konpayi ki te responsab :
OECC
GMA
COCIMAR
CONSTRUCTION CARAIBES

Pou : 20 483 189,60$

Responsab :
Jacques GABRIEL
Jacques ROUSSEAU
Jean Ernst GENEUS
Kesnel CHARLES
Franck ADRIEN
Guichard BEAULIEU
Chung-Zen JAN
David CHANG
Joel GUEVARA
Louis Adrien DELVA
Marie Carmelle JEAN-MARIE
Anel POLINICE
Pablo PENZO
Caros DUART
Jocelyn CLERJUSTE
Evelt EVEILLARD
Phillipe LAUTURE

Ankò yon fwa, sa pa vle di moun sa yo koupab. #PwosèPetroCaribeA ap detèmine sa.
Nan Ministè Planifikasyon, kontra konstriksyon mache piblik Gran Rivyè di Nò fèt san apèl dòf, san avi CNMP, nan antant dirèk. Yon kontra 4 786 725.00 dola meriken.

Nan Jimnazòm Vincent, avans demaraj la te 35% olye 25% lalwa prevwa a. Sa ki sanble lè gen komisyon k pou peye.
Apre 15 pon yo, wout Vorbe et Fils yo, pp 87- 105. Sa k kanpe nan wout (Lakil - Kafou RN3), fini san rapò misyon (Baryè Batan), poko prèt pou fini (Ti Rivyè- Titwou Nip).

Reponsab:

Jacques GABRIEL
Fritz LEGER,
Jean-Marie VORBE
Bernard Chancy
Albert GUILHEM
Eugène SMARANDA
Pou wout Laboul la, dènye fwa a nou te mande pou ti ankèt ta fèt paske bagay yo pa t fin klè. @ComptesCour fè l vre. Gen yon ti depasman bidjè ak yon ti reta men rès bagay yo sanble nòmal.

Rès rapò a similè. Menm detay yo ki montre pa t gen ankenn kontwòl ankenn kote. Kidonk n ap pase dirèk nan pi gwo eskandal yo, menmsi li enpòtan pou n sonje se tout rapò a ki se yon eskandal e nou dwe mare yo mare yo prese prese si n vle gen yon chans pou n konstwi #AyitiNouVleA.
Premye gwo eskandal la, sa tout moun ap pale de li a, se eskandal wout Borgne lan.

Se te yon fwa yon konpayi bannann (ki pa t gen tè ki ka fè bannann e ki ap fè melon kouneya) yo te bay fè yon wout. Se konsa anvan kontra siyen, li jwenn pou achte gaz nan bidjè yon lòt pwojè.
Si bagay la pa klè pou ou, pa enkyete w li pa klè pou @ComptesCour nonplis. 26 dawou 2014, #Agritrans resevwa 5 milyon goud (Chq #123564) ki soti nan pwojè wout Borgne - Anse à Foleur anvan menm li siyen kontra pou l fè wout Borgne - Petit-Bourg de Borgne lan. Sa ilegal. Mare yo.
22 septanm 2014, #Agritrans fè pwopozisyon teknik ak finansyè li pou 22 septembre 2014 et le contrat pou 39 990 399 goud. Kontra siyen 15 oktòb.

Kèk mwa anvan sa, 3 avril 2014, DG MTPTC a te pwopoze yon bidjè 43 milyon goud pou pwojè a. Li depase 40 milyon ta dwe gen apèl dòf.
Kòm pa aza, pwopozisyon pa #Agritrans lan manke 9 601 goud pou l 40 milyon, konsa kontra fèt gre a gre pou yon konpayi bannann fè wout.

Yon lòt bò MTPTC te dekese yon avans demaraj 28 873 898 goud ki reprezante 72.2% valè kontra a.

(Att: 1e dekesman)

Natirèlman, @ComptesCour konkli ankenn travay sandout pa fèt ak lajan sa. Yon vizit sou teren konfime l. Lajan an itilize pou regle lòt koze. Gen menm yon 10 262 392 goud an plis ki depanse san sa pa ajoute nan kontra a. Gen yon 15 378 893 goud sou Pwojè Pò Mago tou. #MareYo
Paralèlman, menm ane a, a 2 mwa entèval, jou ki te 12 desanm 2014, MTPTC siyen kontra ak BETEX pou menm pwojè a, ak menm ekip teknik, menm eksperyans yo, menm nimewo imatrikilasyon ak #Agritrans pou 34 998 785,50 goud. #MareYo.
La, li klè gen detounman fon. Responsab yo se Jacques ROUSSEAU, Minis TPTC ki tout kote nan rapò a epi @moisejovenel ki ye prezidan #Agritrans e ki Prezidan nou jodi a.

Rapò #KotKòbPetroCaribeA se prèske tankou Rapò Mueller msye, li menm ak Donald Trump vin pi sanble toujou.
Pou Beteks, se Martel Webert PIERRE ki siyen antanke prezidan konpayi a. Dapre Petites annonces @nouvelliste yo, li gen yon konpayi konstriksyon men l pa rele Betex. lenouvelliste.com/m/public/index… kòm Betex la gen menm tout bagay ak #Agritrans, nou ka asime s on fo. #MareYo
Sa pa rete la, BETEX ak #Agritrans resevwa 50 806 646,25 goud ki sòti nan wout Pò Mago a. Kidonk anvan l te Prezidan, @moisejovenel te resevwa lajan PetroCaribe pou fè twa wout diferan alòske l te gen yon konpayi bannann sou yon tè ki pa t menm ka fè bannann.
28 jiyè 2015, Minis ROUSSEAU (MTPTC) voye kontra nan @ComptesCour pou l anrejistre men li voye l tounen. Te gen twòp bagay ki pa kòrèk :

- Estati #Agritrans pa t pèmèt li fè travay sa yo.

- Nimewo CIN te absan

- Ankenn apèl dòf pa t fèt

- Sèy pasasyon pou awondisman depase
- Kitis fiskal absan
- Pyès teknik absan
- Pwosedi pa respekte
- Dispozisyon nan kontra a kontrè a lalwa
- CV responsab la ak enjenyè chantye yo (Galate Scutt, Marcellin Michel, Dominique Tunis) pa la.

Malgre sa, Minis Rousseau bay Agritrans kontra l epi dekese lajan alèzteman.
Apwopo, nou dwe Estrella $ US 3,851,148.44 pou wout Ennery - Okap la. Gen lontan y ap di nou dwe yo ebyen se vre.

Yon lòt kote kòm Rousseau siyen tout kontra sa yo, kòm dapre atik 37 dekrè 17 me 2005 lan li pèsonèlman responsab, li lè pou lajistis voye @pnh_officiel chèche l.
"Selon l’article 21 de l’arrêté du 16 février 2005 portant sur la comptabilité publique : « L’ordonnateur est seul responsable des engagements qu’il aura contracté en violation des lois
et règlements en vigueur ou au-delà des limites des crédits alloués »". #MareYo
Nou kite MTPTC pou n tonbe nan MPCE. Rapò a analize 15 pwojè osu 32. Kidonk gen 17 ki manke. Sonje sa pandan nou pran desisyon pou n vanse.

(#PwosèPetroCaribeA se p ap jwèt)
De premye pwojè yo (abri pou ijans ak plas piblik) chaje pwoblèm : lajan ki depase bidjè, travay yo pa konnen si l fini, plas piblik yo ki pa fouti koute kòb yo di yo koute a (USD 8 909 143.35).
Twazyèm pwojè a, se reyabilitasyon vil Senmak. De kontra yo fèt, nan kad lwa dijans lan, gre a gre, anvan menm rezolisyon yo te vote. Nan fen travay la pa gen ankenn sètifika livrezon, ankenn dokiman ki jistifye depans yo. Menmsi USD 8 087 034.22 dekese.
Responsab yo se:

Laurent Salvador LAMOTHE
Michel PRESUME
Wilson LALEAU
Ronald Grey DECEMBRE
Giovanni DORLIEN
Michelle PHILOGENE
Emmanuel JEAN PIERRE
Alejandro ADAMES

#PwosèPetroCaribeA va detèmine si nou merite #MareYo pou yon bon bout tan.
Si w konn fè wout Sid la, ou sandout konn kanpe Kafoudewiso anvan w reprann chemen w. Ki fè ou pa ka rate gwo pwojè plas ki te fèt nan kafou a. Epi te tèlman gen pibliste pou li tou. Li koute n 2 746 768.12 USD. Kontra l siyen anvan rezolisyon menmsi 1e dekesman fèt ennan apre.
Fim nan menm resevwa plis kòb pase sa k nan kontra a. 710 528.94 USD dekese an tou anplis sa k te prevwa. Pami yo 105 583,70 USD Yves Germain JOSEPH dekese san pa gen ankenn pyès ki eksplike pouki. Lòt responsab: Laurent Salvador Lamothe ak menm moun talè yo.
Gen 2 pwojè mache piblik ak wout Lafito (zòn Minotri) ki gen menm ti pwoblèm yo. Lajan ki depanse san jistifikatif. Men pwojè n ap fè yon ti rete sou li a, se pwojè konstriksyon enfrastrikti sosyokominotè Wharf Jérémie (Cité Soleil). USD 14 757 337.90 dekese. Kontra gre a gre.
San avi CNMP. San rapò sipèvizyon. San sètifika resepsyon.

Responsab yo se:
Laurent Salvador LAMOTHE
Yves Germain JOSEPH
Aviol FLEURANT
Michel PRESUME
Marie Carmelle JEAN-MARIE
Wilson LALEAU
Ronald Grey DECEMBRE
Abel METTELUS
Elizabeth COICOU
Frank Romain Junior
Apre sa gen pwojè konstriksyon kay nan Fò Nasyonal la yo chanje pou konstwi Ministè pito.

$ 26,202,699.27 pou MICT
$ 25,028,413.27 pou MCI
Reparasyon Villa d'accueil
6 sant spòtif (aka stad)
Ministè Afè Etranjè

Diferan travay nan Jakmèl

Amèbleman ak dekorasyon Ministè yo
Sou pwojè Konstriksyon MAEC a.

CONSTRUCTORA ROFI SA resevwa 10 milyon dola pou estrikti de baz Ministè a men pa gen jistifikatif pou depans lan.

Nan rapò sipèvizyon Ing. Carline Séraphin an li di travay yo di ki fèt yo pa fèt. Koudèkont evalye yo a 4 927 973.20 USD.
Pou MICT, lè CONSTRUCTORA ROFI SA wè l p ap ka fè travay la, li pran yon lòt konpayi, OVERSEAS CONSTRUCTION COMPANY, li soutrete travay la... a 43.8% alòske limit legal la se 40 ... san deklarasyon espesyal sou soutretans lan. @ComptesCour pa fin si travay ki di ki fèt yo fèt.
Pou MCI, apa montan yo ki chanje, se menm sitiyasyon an.

Pou pwojè Jakmèl yo, apa pwojè reyabilitasyon La Jacmelienne nan, @ComptesCour pa jwenn ankenn dokiman ki montre CONSTRUCTORA ROFI te fè anyen vre. Menm bagay pou Villa d'accueil elt.
Pou rapèl, Constructora ROFI SA se konpayi Senatè Félix Bautista Etazini sanksyone ane dènyè lakòz malvèsasyon ak koripsyon an Ayiti apre tranblemandtè 2010 la. Bagay Lajistis ayisyèn poko fè pou okenn nan dilapidè yo... #PwosèPetroCaribeA ijan.

lenouvelliste.com/article/188701…
Paske li enpòtan pou n sonje non yo, men lis responsab yo:

Jean Max BELLERIVE
Laurent Salvador LAMOTHE
Joséfa Raymond GAUTHIER
M. Michel PRESUME
Wilson LALEAU
Ronald BAUDIN
Marie Carmelle JEAN-MARIE
Ronald Grey DECEMBRE
Jose Elias HERNANDEZ
Pou Gymnasium Vincent, yon demi milyon dola depanse san ankenn jistifikatif, yon lajan ki depase sa ki te prevwa nan rezolisyon an.

Reponsab yo se :
Laurent Salvador LAMOTHE
Marie Carmelle JEAN-MARIE
Wilner VALCIN
Giovanni DORELIEN
Harold R. Charles
Pou Konstriksyon local CIMO a, $5 168 531,52 depanse, anviwon doub sa k te nan rezolisyon an. Kontra fèt gre a gre, san apèl dòf. Pou avans demaraj la, $1 058 487,65 dekese men se yon demi milyon sèlman k al jwen fim ki t ap fè travay la. Kòm se zafè @pnh_officiel, m tou tag yo.
Nan Pwojè reyabilitasyon wout Jakmèl-La Vale a, Aviol FLEURANT, yon moun @ComptesCour ki pa idantifye, Jean-Emile LAFERIERE ak Herntz SAINT MARC responsab gaspiyay 5 806 476.20 USD nan travay ki pa fèt, san ankenn sipèvizyon pa janm fèt. #MareYo
Nan Mirbalè ak Laskawobas, kontra 18 981 625,00 USD siyen gre a gre malgre li 20 fwa limit 40 milyon goud la. Lwa dijans lan sèvi eskiz pou pa gen konkirans sou pwojè yo. Okenn rapò sipèvizyon pa egziste.

Responsab : menm moun yo + Yves
COLES ak
Floriant JEAN MARIE.
Yon pwogram devlòpman Teritoryal pou $80 486 875.46 mete sou pye. @ComptesCour relve yon pakèt pwoblèm : kontra gre a gre, dokiman absan, pa gen garanti bankè, elt. Chèf dòkès : Nèg stad la, Laurent Salvador LAMOTHE. #MareYo, jije yo. #PwosèPetroCaribeA.
Apre devlòpman Teritoryal, stad yo.

SECOSA te jwenn kontra pou konstriksyon ak gazonaj 18 nan yo (n ap tounen sou sa)

C. ROFI SA te responsab 5. $17 025 702.52 dekese pou yo men @ComptesCour pa jwenn tras li. Pa gen ankenn rapò sipèvizyon. Foto stad yo nan rapò a (pp 316-319)
M ap pran yon ti moman pou souliye bèl patisipasyon @ComptesCour la nan #OditKolektif la, foto stad yo byen klè nan rapò a (325- 344). Men lòt pwojè yo bezwen foto tou. Se pou sa, kouneya, kòm nou gen tout (77%) done yo nan men n, li ta bon pou n fini #OditKolektif la.
Nou deja te konnen gaspiyay fèt. Kouneya detay yo la pou n #MareYo pou #PwosèPetroCaribeA. Nan Leta: Lamothe, Bellerive, Gauthier, Day, Jean-Marie, Joseph, Fleurant, Dorelien. Nan SECOSA ak J&J : Jean-Emile LAFERIERE ak Hérode THÉLUSMA.
UCLBP te responsab 4 pwojè yo kase ti bout ti bout pou pa depase sèy pasasyon mache. Konsa kontra bay ti zanmi san apèl dòf. Pwojè Jalouzi a kote yo pentire tout koulè kay ki bay sou gwo Lotèl PV yo ki t ap gache vue a, se youn nan yo.
Responsab pwojè Jalouzi a:

Harry ADAM
Micheline D. RAMPY
Lenord Louis DORCELY
M. Clément BELIZAIRE
Daniel JEAN

@ComptesCour relve plizyè iregilarite

- Yon sèl antrepriz ki soumèt pwojè
- Avans demaraj ki depase
- Kontra ki pa al Koudèkont

#MareYo pou #PwosèPetroCaribeA
Youn man bagay ki pi nève m nan bagay sa - e anpil bagay nève m - se kijan moun yo fè krim sa sou yon pèp ki fèk sòti anba yon katastwòf san non. Sou tranblemandtè 2010 la, pou yo ajoute katastwòf Petrocaribe a. Ata sou kan kote viktim yo te ye a, lajan t ap fèt. #MareYo
Pa egzanp, Marie F. PRUSSIEN, reprezantan Société haïtienne
de Gestion Immobilière et Communautaire. Twa kontra konsiltasyon ak menm objè pou 5,837,691.16 goud plis yon pèyman 1,655,997.00 san jistifikasyon. Ata 2% Leta a pa retire.

Men yon atik sou sa

lenouvelliste.com/m/public/index…
Iregilarite yo kontinye ak GRETCO SA, Louis M.D. DORSAINVIL, Jean-Claude TICO, Advance Engineering, Central de Gestion Service, Nicolas Janvier, Fondation Un toit pour mon pays.

Pou Fondasyon sa yo pa jwenn ankenn livrab, menm papye NIF ak Patant, yo pa jwenn. #MareYo
M pa konn si yo gen yon rapò avec ONG Un Techo Para Mi País @UnTecho_Haiti. M tag yo, okazou. Yo va ba nou eklèsisman sou sa k pase a.
Moun Pòdpè, genyen 24,339,296.72 goud ki bay deja pou medyatèk ki pa janm fin fèt la. Jis an 2018 SOHACO t ap touche toujou.

Men moun ki responsab yo:
Clément BELIZAIRE
Micheline Denis RAMPY
Lenord Louis DORCELY
Pascal Gregory CAYEMITTE
Thierry Erns SERRES
Daniel JEAN
Dwe gen yon plas espesyal nan prizon pou moun ki te responsab veye pou vòl pa fèt epi ki patisipe nan vòl la. Sa k nan Leta yo, nou wè yo deja men fim sipèvizyon yo, sa k jis pran kòb yo foure nan pòch yo san yo pa di krik yo, #MareYo. Yon fwa. #MareYo. #MareYo.
Mezanmi, nou tonbe nan FAES ak EDEPEP

1)Ti Manman Cheri,
2) Kore Etidyan,
3) Kore Moun Andikape,
4) Bon de solidarité/ Bon Dijans,
5) Panye Solidarité,
6) Kantin Mobil
7) Kore Peyizan et
8) Kredi Pou Famn Lakay

Moun sa yo, m anvi #MareYo ak raj. Ou pa fè yon pèp sa.
Moun yo pran povrete pèp Ayisyen pou fè bè yo. Yo monte yon chodyè 71 612 680,33 dola ameriken sou non pèp yo desann li anndan pòch yo. Marie Carmel Rose Auguste, Klaus Eberwein (ki touye tèt li) se gran achitèk krim sa ak de pwojè ki p ap kite tras : distribisyon lajan ak manje.
Men chif krim nan:

140 047 benefisyè san nimewo telefòn alòske se ak @DigicelHT lajan ap transfere.

@ComptesCour kalkile omwen 12 510 000 goud ki ale sou kont zonbi nan Ti Manman Cheri.

Kore Etidyan gen 15 905 zonbi

Bon Dijans, 60 757 zonbi.

#MareYo pou #PwosèPetroCaribeA
Kòmsi kont zonbi yo pa t sifi, lajan an ale nan konsepsyon alamanak EDEPEP, foto Gouvènman lakay ou, Braslè, pwomosyon nan kanaval pwomosyon nan fèt patwonal... nan pri ki pa rete atè la. #MareYo
Responsab yo:
K. EBERWIN
L. Ronsard SAINT- CYR
Paul Moise GABRIEL
Pierre Richard PAINSON
Jean Pierre HEURTELOU
M C R Anne AUGUSTE
Charles JEAN-JACQUES
Vanneur PIERRE
Nesmy MANIGAT
Reginald DELVA
Marie Yannick MEZILE
Marie Carmelle JEAN MARIE
Wilson LALEAU
FAES te fè kontra ak @DigicelHT, @unitransferht, @Sogexpressht pou voye kòb bay benefisyè a kondisyon si benefisyè yo pa vin chèche lajan pou lajan an tounen jwenn FAES. @ComptesCour mande pou wè rapò sou lajan ki tounen sa yo, li pa jwenn yo.

Resp: K EBERWEIN ak P-R PAINSON
Gen omwen yon bagay ki byen pase. Kontra manje pou kit alimantè yo. Sa tèlman ra, m blije mete l la.
FAES te sipoze gen yon rejis inik benefisyè (RUB) ki te dwe pèmèt suiv pèman ki ap fèt yo, asire lajan pa fè lòt wout. Yo remèt @ComptesCour yon fichye Excel.

Apèl fèt o aza pou verifye done yo. 27% pa an sèvis, 53% pa janm benefisye ankenn pwogram, 20% te resevwa 2 fwa sèlman.
Sa k fèt nan FAES la se yon krim. @SenatHaitien te kòmanse seyans pou konnen plis sou vòl kalifye sa ki fèt la, se pou nou kontinye. Klaus Ewerbein pa la ankò men chaje lòt moun ki ka pale. Kouneya se pou lajistis fè travay li pou #PwosèPetroCaribeA.

alterpresse.org/spip.php?artic…
Nan @MsppOfficiel, a wousa rale lajan, kontra siyen ak mò, kidonk nou konnen pou n prepare n. 78 957 375,00 USD pou konstwi lopital ak yon Sant Twomatoloji. Men bon, nou ret foto yo. (lenouvelliste.com/m/public/index…)
Nan pwojè lopital yo, kontra bay, kase bout bout, san apèl dòf; dekesman fèt san jistifikatif; lajan itilize pou lòt bagay; sipèvizyon t ap laloz.
Responsab :

Florence Duperval GUILLAUME André Lemercier GEORGES
Marie Carmelle JEAN MARIE
Wilson LALEAU
Yves Romains BASTIEN
Michael DE LANDSHEER
Alex LORQUET
Mathilde Fedelaine MARDY

Konsiltan yo :
Tout pwojè yo gen pwoblèm menm kòm nou te nan foto Sant Twomatoloji a, men konklizyon @ComptesCour sou li. Lajan dekese depase lajan k te bidjetize. Ankenn rapò pa bay. Ankèt dwe fèt.

Resp:

FD GUILLAUME
LS LAMOTHE
W LALEAU
Pw CHERESTAL
JE VORBE
JJ BITAR
MJ BITAR
Gen 43 enstitisyon sa yo jwenn kòb Petrocaribe san rezolisyon pa pran sou sa, pami yo:

@ComptesCour
@deputeshaitiens
@SenatHaitien
@ULCCHaiti
UCREF
DGI

ki ta sipoze ap veye men ki te lage nan dezòd la.

#AyitiNouVleA p ap posib si enstitisyon yo pa fè travay yo.
Men responsab yo.

Pou @ComptesCour :

Arol ELIE
Jean Léon POLICARD
Yvens LARIONNE

Pou @deputeshaitiens

Louis Jeune LEVAILLANT
Chancy CHOLZER
Natalie THIMOLEON
Maximilien SALOMON
Virgit Alexi CHARLES
Jean Tholbert ALEXIS
Thimoleon Stevenson Jacques
Renaud JEAN BAPTISTE
Pou @SenatHaitien

Simon Dieuseul DESRAS, Président
Fritz Carlos LEBON
Francisque GRADUEL
Marie Myrlande GEORGES
Anel G. BORGELLA
Booz PIERRE LOUIS
Jean-Elie BAZILE
Anthonio SAINT-SURIN

Ankèt dwe fèt.
An konklizyon: Demann nou senp. Nou mande kont. N ap tann #PwosèPetroCaribeA.
Missing some Tweet in this thread?
You can try to force a refresh.

Like this thread? Get email updates or save it to PDF!

Subscribe to la loi de ma bouche #AyitiNouVleA
Profile picture

Get real-time email alerts when new unrolls are available from this author!

This content may be removed anytime!

Twitter may remove this content at anytime, convert it as a PDF, save and print for later use!

Try unrolling a thread yourself!

how to unroll video

1) Follow Thread Reader App on Twitter so you can easily mention us!

2) Go to a Twitter thread (series of Tweets by the same owner) and mention us with a keyword "unroll" @threadreaderapp unroll

You can practice here first or read more on our help page!

Follow Us on Twitter!

Did Thread Reader help you today?

Support us! We are indie developers!


This site is made by just three indie developers on a laptop doing marketing, support and development! Read more about the story.

Become a Premium Member ($3.00/month or $30.00/year) and get exclusive features!

Become Premium

Too expensive? Make a small donation by buying us coffee ($5) or help with server cost ($10)

Donate via Paypal Become our Patreon

Thank you for your support!