Pou Laverite ak Pou Listwa Profile picture
Obsèvatwa sou kòripsyon an Ayiti. Nou vle mete non ak figi sou malvèsasyon. #HaitiCorruptionWatch #ObservatoireHaïtienDeLaCorruption aklistwa@protonmail.com
Mar 14, 2021 10 tweets 8 min read
#tread

#1- Si w poko li rapò ULCC sou BPH la, nou ankouraje w fè sa. Yon bank Leta ekip Tèt Kale a piye. Yo bay zanmi yo tankou Jovenel Moise, Evinx Daniel ak yon pakèt lòt, yon kantite lajan ki lakoz bank lan fè fayit. bit.ly/3vojTVl

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa #2- 26 Oktòb 2011, Michel Martelly nome yon konsèy direksyon ki gen Gesly Levèque ak Myryam Jean nan tèt BPH ki se yon bank Leta Ayisyen posede. Nominasyon sa ilegal, paske, règleman bank lan di, se yon konsèy administrasyon ki dwe jere l ak yon direktè jeneral.
Feb 27, 2021 10 tweets 8 min read
#Thread

#1- Voye yon je spesyal sou moun sa yo. Yon gen eksplikasyon pou yo bay sou omwens yon gwo zak malvèsasyon ki pase nan Palman an. Nou gen Gary Bodeau ki te prezidan chanm depite yo, ak Gandhi Dorfeuille ki te nan pòs jere kès chanm nan. #2- Mwa Oktob 2018: Chanm depite a depanse 77 milyon goud pou “buffet”.
Novanm 2018, chanm depite a peye 8 sak sik ak 17 kès kafe 456 mil goud.
Desanm 2018: chanm depite a peye 2 milyon 857 mil goud pou 8 sak sik ak 17 kès kafe Rebo.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa
Feb 24, 2021 15 tweets 10 min read
#thread
#1- ULCC anonse li ouvè yon ankèt sou madanm senatè Rone Célestin ki achte yon kay nan peyi Kanada pou 4.25 milyon dola. Istwa PHTK a montre poko janm gen yon pwòch rejim nan ki enplike nan skandal ki rive pase devan lajistis. men kèk ezanp. Sonje non yo ak figi yo! ImageImageImageImage #2- Calixte Valentin, konseye prezidan Michel Martelly touye Octanol Derissaint 18 avril 2012. Martelly oblije revoke l apre dosye sa fè gwo skandal ak manifestasyon. Apre l pase 6 mwa nan prizon, yon jij libere l san yo pa jije l pou krim nan. ImageImage