#thread
#1- ULCC anonse li ouvè yon ankèt sou madanm senatè Rone Célestin ki achte yon kay nan peyi Kanada pou 4.25 milyon dola. Istwa PHTK a montre poko janm gen yon pwòch rejim nan ki enplike nan skandal ki rive pase devan lajistis. men kèk ezanp. Sonje non yo ak figi yo! ImageImageImageImage
#2- Calixte Valentin, konseye prezidan Michel Martelly touye Octanol Derissaint 18 avril 2012. Martelly oblije revoke l apre dosye sa fè gwo skandal ak manifestasyon. Apre l pase 6 mwa nan prizon, yon jij libere l san yo pa jije l pou krim nan. ImageImage
#3- Calixte Valentin te konn ranmase lajan ladwàn Malpas pou Michel Martelly. An 2020 Calixte Valentin t ap vann yon lèt ekspire ki te fè anpil timoun malad nan komin Ennery. Otorite lajistis nan Ennery yo pat kapab arete l paske l gen twòp pouvwa.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa ImageImageImage
#4- Minis Jistis la alepòk, Jean renel Sanon ki se manm fondatè PHTK, te revoke komisè gouvènman Kwadèboukè a ki te bay lòd pou arete Calixte Valentin apre li te touye Octanol la. Malgre l te nan komisarya a Kanapevè, Calixte Valentin te konn òganize reyinyon politik nòmalman. ImageImageImageImage
#5- Woodly Ethéard (alyas Sonson La familia) ak Renel Nelfort (alyas Renel Le Recif) kidnape yon sitwayen ki rele Arman Romain. Yo fè l bay 180 mil dola ameriken. Sonson Lafamilia se bon zanmi bòfrè Martelly ki rele Kiko St Rémy, frè Sophia Martelly. ImageImage
#6- Soson La Familia t ap dirije yon gang yo rele Galil. Rapò yo fè konnen, gang sa te enplike nan omwens yon douzèn zak kidnaping epi li fè plis pase 2 milyon dola ameriken. Se yon gang ki touye anpil moun, e ki bay anpil latwoublay. Image
#7- Malgre tout prèv, jij Lamarre Belizaire lage Sonson Lafamilia ak Renel Le Recif. Li di Sonson « Si w te konn fè sa, pa fè l ankò ». Dosye sa a te fè gwo bri nan peyi a kou aletranje. Administrasyon prezidan Obama a te ekprime enjyetid li sou sa. reut.rs/3bQwjN1
#8- Men kijan avoka Newton Saint Juste, k ap travay pou rejim PHTK a jodi a, pale de relasyon Sonson La Familia ak fanmi Michel Martelly.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa
#9- Apre plizyè eksè jij Lamarre Bélizaire te fè pou pouvwa a PHTK a, bawo Pòtoprens te pran sanksyon kont li pou l pa ekzèse pwofesyon avoka pandan 10 lane.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa ImageImage
#10- Ansyen minis Afè Sosyal, Roosevelt Bellevue enplike nan dosye gwosi lajan kit skolè pou fè benefis plis pase 40 milyon goud. Malgre yon rapò Lakoudèkont ki pwouve vòl la, malgre pouvwa Jovenel la revoke l, lajistis pa janm sezi dosye sa a.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa ImageImage
#11- André Jonas Vladimir Paraison te enplike nan yon dosye kagezon zam ladwàn dekouvri Senmak. Li te kowòdonatè sekirite palè sou Michel Martelly. Pouvwa a fè l al refijye nan peyi Ekwatè. Jij Octelus Dorvilien Jovenel mete nan lakou kasasyon an, te deside fèmen dosye sa a. ImageImage
#12- Fednel Monchéry ak Rigaud Duplan enplike nan masak Lasalin. Ankèt montre kijan yo patisipe nan bay zam ak lajan pou masak sa rive fèt. . Etazini pran sanksyon kont moun sa yo. Pouvwa PHTK a oblije mete yon manda dèyè yo. Jiskaprezan, lapolis pa arete yo. ImageImageImageImage
#13-Rosemond Jean ak Eudes Lajoie vòlè kay. Malgre minis jistis la deplase an pèsòn al remèt mèt kay la kay li, lajistis pa fè anyen kont Eudes Lajoie. Dam nan te rive jwenn kay sa paske li se fanmi senatè Rony Celestin. ImageImage
*Bon non an se Joseph Pierre Richard Duplan
@threader_app compile

• • •

Missing some Tweet in this thread? You can try to force a refresh
 

Keep Current with Pou Laverite ak Pou Listwa

Pou Laverite ak Pou Listwa Profile picture

Stay in touch and get notified when new unrolls are available from this author!

Read all threads

This Thread may be Removed Anytime!

PDF

Twitter may remove this content at anytime! Save it as PDF for later use!

Try unrolling a thread yourself!

how to unroll video
  1. Follow @ThreadReaderApp to mention us!

  2. From a Twitter thread mention us with a keyword "unroll"
@threadreaderapp unroll

Practice here first or read more on our help page!

More from @AkListwa

27 Feb
#Thread

#1- Voye yon je spesyal sou moun sa yo. Yon gen eksplikasyon pou yo bay sou omwens yon gwo zak malvèsasyon ki pase nan Palman an. Nou gen Gary Bodeau ki te prezidan chanm depite yo, ak Gandhi Dorfeuille ki te nan pòs jere kès chanm nan. ImageImage
#2- Mwa Oktob 2018: Chanm depite a depanse 77 milyon goud pou “buffet”.
Novanm 2018, chanm depite a peye 8 sak sik ak 17 kès kafe 456 mil goud.
Desanm 2018: chanm depite a peye 2 milyon 857 mil goud pou 8 sak sik ak 17 kès kafe Rebo.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa ImageImage
#3- Nan twa mwa, biwo chanm depite a depanse plis pase 150 milyon goud nan achte sik ak kafe.

Pou jou kit e 18 desanm 2018: biwo chanm depite a depanse 276 milyon 525 mil goud pou peye 111 galon dl oak 943 kès ti boutèy dlo.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa ImageImage
Read 10 tweets

Did Thread Reader help you today?

Support us! We are indie developers!


This site is made by just two indie developers on a laptop doing marketing, support and development! Read more about the story.

Become a Premium Member ($3/month or $30/year) and get exclusive features!

Become Premium

Too expensive? Make a small donation by buying us coffee ($5) or help with server cost ($10)

Donate via Paypal Become our Patreon

Thank you for your support!

Follow Us on Twitter!