#tread

#1- Si w poko li rapò ULCC sou BPH la, nou ankouraje w fè sa. Yon bank Leta ekip Tèt Kale a piye. Yo bay zanmi yo tankou Jovenel Moise, Evinx Daniel ak yon pakèt lòt, yon kantite lajan ki lakoz bank lan fè fayit. bit.ly/3vojTVl

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa
#2- 26 Oktòb 2011, Michel Martelly nome yon konsèy direksyon ki gen Gesly Levèque ak Myryam Jean nan tèt BPH ki se yon bank Leta Ayisyen posede. Nominasyon sa ilegal, paske, règleman bank lan di, se yon konsèy administrasyon ki dwe jere l ak yon direktè jeneral.
#3- 15 novanm 2011, Jovenel Moise mande BPH prete 600 mil dola ameriken. Pou l prete lajan sa, li di bagay li posede vo 5.5 milyon US. Li di li posede yon tèren 300 mèt kare nan zòn Balan, Okap, ki vo 150 mil dola ameriken.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa
#4- Jovenel di bank lan li gen yon pwopriyete ki nan #31 rue Titus, Bas-peu-de-Chose. Li gen yon asirans 500 mil dola ameriken. Li gen 90 mil dola ameriken nan depo labank. Li di lajan li menm ak Martine Moise rante se plis pase 162 mil goud ak 6000 dola ameriken.
#5- BPH pa verifye si Jovenel posede sa li bay kòm garanti yo.

28 me 2013, BPH prete Jovenel Moise 19 milyon goud ak yon to 12 pousan pou l peye sou senk an. Malgre tout lajan ak byen Jovenel te di li genyen kòm garanti, li pa rive peye bank lan.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa
#6- An Novanm 2012, BPH prete Evinx Daniel plis pase 6 milyon goud san garanti. Yon pati nan lajan pèdi. Evinx se yon dilè dwòg lapolis te arete ak 23kg marijuana Okay. Li te bon zanmi Michel Martelly li te reprezante Okay. Li te vin disparèt apre sa. bit.ly/3qJD7B9
#7- An 2014, pouvwa Michel Martelly ak Evans Paul la, lanse yon pwogram ki rele "Chanje Metye, Chanje Lavi". Se nan PBH yo pran yon gwo kantite lajan nan move kondisyon. Yo itilize enfliyans yo pou pran lajan sa. Se youn nan koz fayit BPH.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa
#8- Rapò ULCC sou Banque Populaire Haïtienne nan mande pou lajistis pousuiv Marie Gesly Levêque ak Myriam Jean paske yo patisipe nan fayit bank kan.

Gesly ap travay jodi a pou USAID malgre li enplike nan malvèsasyon. . Jovenel Moise nome Myriam Jean minis touris mwa mas 2020.
#9- Rapò ULCC ammande pou lajistis rapousuiv André Dauphin, François Joseph (BRH) ak Myriam Fethière nan dosye fayit BPH la. Myryam Fethière se sè Marie Nelta Fethière ki se yon jij nan Lakoudèkont.

@Aklistwa ap chaje imaj André Dauphin ak François Joseph.
#10- Li enpòtan pou n gade jan BRH pa janm aji pandan tout tan sa BPH ap mal jere. BRH responsab pou fè Bank yo respekte sa an fransè yo rele "Normes prudentielles" yo, ki la pou anpeche bank yo pran yon seri risk ki mete yo an fayit. Se Charles Castel ki te gouvènè nan epòk la.

• • •

Missing some Tweet in this thread? You can try to force a refresh
 

Keep Current with Pou Laverite ak Pou Listwa

Pou Laverite ak Pou Listwa Profile picture

Stay in touch and get notified when new unrolls are available from this author!

Read all threads

This Thread may be Removed Anytime!

PDF

Twitter may remove this content at anytime! Save it as PDF for later use!

Try unrolling a thread yourself!

how to unroll video
  1. Follow @ThreadReaderApp to mention us!

  2. From a Twitter thread mention us with a keyword "unroll"
@threadreaderapp unroll

Practice here first or read more on our help page!

More from @AkListwa

27 Feb
#Thread

#1- Voye yon je spesyal sou moun sa yo. Yon gen eksplikasyon pou yo bay sou omwens yon gwo zak malvèsasyon ki pase nan Palman an. Nou gen Gary Bodeau ki te prezidan chanm depite yo, ak Gandhi Dorfeuille ki te nan pòs jere kès chanm nan.
#2- Mwa Oktob 2018: Chanm depite a depanse 77 milyon goud pou “buffet”.
Novanm 2018, chanm depite a peye 8 sak sik ak 17 kès kafe 456 mil goud.
Desanm 2018: chanm depite a peye 2 milyon 857 mil goud pou 8 sak sik ak 17 kès kafe Rebo.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa
#3- Nan twa mwa, biwo chanm depite a depanse plis pase 150 milyon goud nan achte sik ak kafe.

Pou jou kit e 18 desanm 2018: biwo chanm depite a depanse 276 milyon 525 mil goud pou peye 111 galon dl oak 943 kès ti boutèy dlo.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa
Read 10 tweets
24 Feb
#thread
#1- ULCC anonse li ouvè yon ankèt sou madanm senatè Rone Célestin ki achte yon kay nan peyi Kanada pou 4.25 milyon dola. Istwa PHTK a montre poko janm gen yon pwòch rejim nan ki enplike nan skandal ki rive pase devan lajistis. men kèk ezanp. Sonje non yo ak figi yo! ImageImageImageImage
#2- Calixte Valentin, konseye prezidan Michel Martelly touye Octanol Derissaint 18 avril 2012. Martelly oblije revoke l apre dosye sa fè gwo skandal ak manifestasyon. Apre l pase 6 mwa nan prizon, yon jij libere l san yo pa jije l pou krim nan. ImageImage
#3- Calixte Valentin te konn ranmase lajan ladwàn Malpas pou Michel Martelly. An 2020 Calixte Valentin t ap vann yon lèt ekspire ki te fè anpil timoun malad nan komin Ennery. Otorite lajistis nan Ennery yo pat kapab arete l paske l gen twòp pouvwa.

✍️#PouLaVeriteAkPouListwa ImageImageImage
Read 15 tweets

Did Thread Reader help you today?

Support us! We are indie developers!


This site is made by just two indie developers on a laptop doing marketing, support and development! Read more about the story.

Become a Premium Member ($3/month or $30/year) and get exclusive features!

Become Premium

Too expensive? Make a small donation by buying us coffee ($5) or help with server cost ($10)

Donate via Paypal Become our Patreon

Thank you for your support!

Follow Us on Twitter!